Webinar Pwodwi Pèsonalize

Emmanuel Rodson Duval
Emmanuel Rodson DuvalFondatè, Kreye Pou Touche

Aprann kijan pou w kòmanse vann pwodwi pèsonalize

Aprann kreye pwodwi pèsonalize epi jwenn premye kliyan w, menm si w ap kòmanse depi zewo.

Kilè
Dimanch 6 desanm 2026
7:00 PM lè Miami
Kote
An dirèk sou Zoom
Replay enkli

Pou ki moun

Pou kiyès webinar sa a fèt?

Webinar sa a fèt pou ou si w vle kòmanse yon ti biznis lakay ou, si w renmen kreye kado pèsonalize epi w ta renmen vann yo, oswa si w deja gen kèk ekipman epi w bezwen èd pou w deside kisa pou w ofri ak konbyen pou w chaje.

Egzanp pwodwi

Gade sa ou ka pèsonalize

Mayo pèsonalize
Mayo pèsonalize
Gode tèmik pèsonalize
Gode tèmik pèsonalize
Tas seramik
Tas seramik
Pano foto sou metal
Pano foto sou metal

Pwogram an 3 etap

3 kesyon n ap reponn pandan atelye a

  1. 01

    Ki sa m bezwen pou m kòmanse lakay mwen?

    Chwazi yon premye pwodwi pou vann epi idantifye ekipman ak materyèl ou bezwen selon bidjè w.

  2. 02

    Ki pri pou m vann pwodwi m yo, epi konbyen kòmand mwen bezwen?

    Avèk yon egzanp kòmand, n ap kalkile depans, fikse pri vant lan epi wè konbyen kòmand sa ta pran pou rive $3,000 oswa $10,000 pa mwa.

  3. 03

    Kijan m ka jwenn plis kliyan ak ekipman mwen deja genyen an?

    Idantifye moun ak biznis ki ka bezwen pwodwi w yo, kontakte yo epi prezante yon òf pou premye kòmand yo.

Montan yo se lavant total anvan depans. Rezilta Emmanuel se eksperyans pèsonèl li; nou pa pwomèt ou menm rezilta a.

Sa w pral aprann

Sa w pral aprann

Videyo

Ou menm tou, ou ka aprann kreye pwodwi konsa!

Gade kèk egzanp pwodwi pèsonalize nou kreye. Nan webinar la, w ap dekouvri materyèl ou bezwen, etap pou kòmanse, ak fason pou jwenn premye kliyan ou yo.

Yon hoodie pèsonalize
Yon tablo metal 16X20
Yon thumbler 20 OZ

Tikè webinar la

Rezève plas ou pou $7

Jwenn aksè ak webinar an dirèk dimanch 6 desanm 2026 a 7:00 PM, lè Miami.

Kesyon yo poze souvan

Kesyon ak repons

Èske mwen ka patisipe si mwen fèk kòmanse?

Wi. Webinar la fèt pou ede w konprann premye etap yo, menm si w poko janm vann yon pwodwi pèsonalize.

Èske mwen bezwen gen ekipman pou m patisipe?

Ou ka patisipe menm si w poko achte ekipman. Webinar la ap ede w konprann sa w ka bezwen selon pwodwi ou vle fè a.

Ki lè webinar la ap fèt, epi konbyen tikè a koute?

Dimanch 6 desanm 2026 a 7:00 PM, lè Miami. Tikè a koute $7.

Si m gen yon kesyon?

Ekri nou nan support@kreyepoutouche.com.

Pare pou w chwazi premye pwodwi pèsonalize w ap vann lan?

Dimanch 6 desanm 20267:00 PM lè Miami

Vin aprann kijan pou w chwazi pwodwi a, fikse pri l epi prezante l bay kliyan.